01:01 M'ap ekri nou sou pawxl ki bay lavi a, pawxl ki te la depi nan konmansman tout bagay. Nou te tande l', nou te wq l' ak pwxp je nou, nou te gade l' byen gade, nou te manyen l' ak men nou. . 01:02 Lq lavi a te parqt, nou te wq li. Se poutqt sa mwen ka pale nou sou sa: m'ap fq nou konnen lavi ki p'ap janm fini an, lavi ki te la avqk Papa a, lavi ki te parqt aklq devan nou an. . 01:03 Sa nou menm nou te wq a, sa nou te tande a, m'ap fq nou konnen l' tou pou nou ka viv ansanm yonn ak lxt nan lavi nou tout n'ap mennen ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit li a, Jezikri. . 01:04 M'ap ekri nou sa pou kq nou ka kontan nqt ale. . 01:05 Men nouvql nou te tande nan bouch Jezikri a, nouvql m'ap fq nou konnen an: Bondye se limyq. Pa gen fqnwa nan Bondye. . 01:06 Si nou di n'ap viv ansanm ak li, pou anmenmtan n'ap viv nan fqnwa, n'ap bay manti ni nan sa n'ap di, ni nan sa n'ap fq. . 01:07 Men, si n'ap viv nan limyq menm jan li menm Bondye li nan limyq, lq sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lxt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo. . 01:08 Si nou di nou pa gen peche, se tqt nou n'ap twonpe. Verite a pa nan nou . 01:09 Men, si nou rekonqt devan Bondye nou fq peche, nou mqt gen konfyans nan li. Paske l'ap fq sak gen pou fqt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal. . 01:10 Men, si nou di nou pa t' fq peche, nou fq Bondye pase pou mantx: Pawxl li pa nan kq nou. . * 02:01 Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lqt sa a pou nou pa fq peche. Men, si yon moun rive fq peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bx kot Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a. . 02:02 Paske, Jezikri te ofri tqt li tankou bqt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase, men peche tout moun tou. . 02:03 Si nou fq sa Bondye mande nou fq, lq sa a nou mqt sqten nou konnen li. . 02:04 Lq yon moun di: mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fq sa Bondye mande l' fq a, moun sa a se yon mantx. Verite a pa nan li. . 02:05 Men, moun ki obeyi pawxl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fq yonn ak Bondye : 02:06 Lq yon moun di li fq yonn ak Bondye, se pou l' viv tankou Jezi te viv la. . 02:07 Mezanmi, se pa yon kxmandman tou nqf m'ap ban nou nan lqt sa a. Se menm ansyen kxmandman yo te ban nou depi nan konmansman an. Ansyen kxmandman sa a, se menm pawxl nou te tande deja a. . 02:08 Men, nan yon sans, se yon kxmandman tou nqf m'ap ban nou la a. Nou wq kxmandman sa a se yon bagay k'ap aji tout bon nan lavi Kris la ak nan lavi pa nou tou, paske fqnwa a ap pase, limyq tout bon an ap klere deja. . 02:09 Moun ki di yo nan limyq epi pou anmenmtan yo rayi frq yo, moun konsa nan fqnwa toujou. . 02:10 Se moun ki renmen frq yo ki nan limyq a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fq yon lxt tonbe nan peche. . 02:11 Men, moun ki rayi frq yo, yo nan fqnwa toujou. Y'ap mache nan fqnwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fqnwa a rann yo avqg. . 02:12 Timoun mwen yo, m'ap ekri nou paske Bondye padonnen peche nou yo poutqt Jezikri. . 02:13 M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou kraze dyab la. M'ap ekri nou, nou menm timoun, paske nou konn Papa a. . 02:14 M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou gen anpil fxs: nou kenbe pawxl Bondye a nan kq nou, nou kraze dyab la. . 02:15 Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kq li. . 02:16 Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachq, se gwo tanta, se lxgqy k'ap vire tqt moun lq yo gen anpil byen sou latq. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti. . 02:17 Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fq sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan. . 02:18 Pitit mwen yo, dqnye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men koulye a, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fq nou konnen dqnye jou a pa lwen rive ankx. . 02:19 Moun sa yo pa t' avqk nou tout bon, se poutqt sa yo kite nou. Si yo te avqk nou tout bon, yo ta toujou rete la avqk nou. Men, yo kite nou pou tout moun ka wq aklq yo yonn pa t' avqk nou tout bon. . 02:20 Pou nou menm, nou te resevwa Sentespri Kris la te voye sou nou an, konsa nou tout nou konn verite a. . 02:21 Si m'ap ekri nou lqt sa a, se pa paske nou pa konn verite a non. Men, okontrq, se paske nou konnen li. Paske nou konnen pa gen manti ki ka soti nan verite a . 02:22 Kilqs k'ap bay manti la a? Se moun ki di Jezi pa Kris la. Moun sa a, se goumen l'ap goumen ak Kris la. Li voye ni Papa a ni Pitit la jete. . 02:23 Moun ki voye Pitit la jete, li voye Papa a jete tou. Moun ki rekonqt Pitit la, li rekonqt Papa a tou. . 02:24 Se poutqt sa, pawxl nou te tande depi nan konmansman an, kenbe li nan kq nou. Si nou kenbe sa nou te tande depi nan konmansman an nan kq nou, n'ap toujou fq yonn ak Papa a ansanm ak Pitit la. . 02:25 Men sa Jezikri te pwomqt l'ap ban nou an: se lavi ki p'ap janm fini an. . 02:26 M'ap ekri nou tou sa poutqt moun k'ap chache twonpe nou yo. . 02:27 Pou nou menm, Kris la te voye Sentespri a sou nou. Toutotan Sentespri a nan kq nou, nou pa bezwen pesonn moutre nou anyen, paske Sentespri a ap moutre nou tout bagay. Sa l'ap moutre nou an se verite, se pa manti. Se poutqt sa, ann fq sa Sentespri a ap moutre nou, ann toujou fq yonn ak Kris la. . 02:28 Wi, pitit mwen yo, ann toujou fq yonn ak Kris la. Konsa, lq Kris la va parqt, n'a gen konfyans. Wi, jou la vini an, nou p'ap wont devan l', yo p'ap kapab voye nou jete byen lwen li. . 02:29 Nou konnen Kris la se yon moun ki te mache dwat devan Bondye. Se pou nou konnen tou, tout moun ki fq sa ki dwat devan Bondye se pitit Bondye yo ye. . * 03:01 Gade ki jan Papa a renmen nou non! Li sitqlman renmen nou li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutqt sa lemonn pa konnen nou, paske li pa konnen Bondye. . 03:02 Mezanmi, koulye a nou se pitit Bondye. Nou poko konnen egzakteman sa nou pral tounen. Men, nou konnen lq Kris la va parqt nou pral tounen tankou l', paske nou pral wq l' jan l' ye a. . 03:03 Tout moun ki gen espwa sa a nan kq yo ap kenbe kx yo pou yo pa fq sa ki mal, tankou Jezikri te kenbe kx l' pou l' pa t' fq sa ki mal. . 03:04 Tout moun ki fq peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa. . 03:05 Nou konn sa: Jezikri te parqt pou wete peche lqzxm, men li menm li pa t' janm fq peche. . 03:06 Konsa, si yon moun fq yonn ak Kris la tout tan, l'ap sispann viv nan peche. Moun ki kontinye ap fq peche toujou, se moun ki pa janm wq l', ki pa janm konnen li. . 03:07 Pitit mwen yo, pa kite pesonn twonpe nou. Moun ki fq sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat. . 03:08 Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fq peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parqt toutespre pou kraze travay Satan an. . 03:09 Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p'ap kontinye fq peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l', li pa kapab ap fq peche toujou. . 03:10 Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fq sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frq li, se pa pitit Bondye li ye. . 03:11 Paske, men mesaj nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lxt. . 03:12 Piga nou fq tankou Kayen. Nonm sa a se moun Satan li te ye. Li te touye frq li. Epi poukisa atx? Paske sa Kayen t'ap fq a pa t' bon, men sa frq l' t'ap fq a te dwat devan Bondye. . 03:13 Nou pa bezwen sezi, frq m' yo, si moun ki nan lemonn yo rayi nou. . 03:14 Nou menm, nou konnen nou soti nan lanmx, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frq nou yo. Moun ki pa renmen frq l', li mouri. . 03:15 Tout moun ki rayi frq yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li. . 03:16 Men sa ki fq nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutqt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frq nou yo. . 03:17 Si yon moun ki pa nan bezwen wq yon frq li nan nesesite, si l' pa gen pitye pou li, yon moun konsa pa ka pretann li renmen Bondye. . 03:18 Pitit mwen yo, piga nou renmen sqlman nan bouch, nan bql diskou ak bql pawxl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wq jan nou renmen lq yo wq sa n'ap fq. . 03:19 Se konsa n'a konnen nou se moun laverite a. Se konsa n'a santi nan kq nou nou pa gen kq sote devan Bondye. . 03:20 Paske, si konsyans nou kondannen nou, nou konnen Bondye pi fx pase konsyans nou, li konn tout bagay. . 03:21 Konsa, zanmi m' yo, si konsyans nou pa kondannen nou, nou gen yon gwo lasirans devan Bondye. . 03:22 Tou sa n'a mande l', la ban nou l', paske nou menm nou fq tou sa li mande nou, nou fq sa ki fq l' plezi. . 03:23 Men sa l' mande nou: Se pou nou gen konfyans nan Pitit li, Jezikri. Se pou nou yonn renmen lxt, jan Kris la te ban nou lxd la. . 03:24 Moun ki kenbe kxmandman Bondye yo, y'ap fq yonn ak Bondye, Bondye ap fq yonn ak yo tou. Men ki jan nou konnen Bondye fq yonn ak nou: nou konnen sa paske li ban nou Sentespri li. . * 04:01 Mezanmi, nou pa bezwen kwq tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wq si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofqt ki gaye toupatou sou latq a. . 04:02 Men ki jan nou ka konnen si yon lespri soti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki soti nan Bondye a. . 04:03 Men, si yon moun refize rekonqt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki soti nan Bondye a. Lespri li genyen an soti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l' te vini. Enben, koulye a li deja nan lemonn. . 04:04 Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofqt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo. . 04:05 Lq y'ap pale yo pale tankou moun ki nan lemonn. Moun ki nan lemonn ap koute yo paske yo menm tou yo se moun lemonn. . 04:06 Men, nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lq n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a. . 04:07 Mezanmi, se pou nou yonn renmen lxt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kq yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye. . 04:08 Moun ki pa gen renmen nan kq yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm. . 04:09 Men ki jan Bondye fq nou wq jan li renmen nou. Li te voye sql pitit li a sou latq pou l' te ka ban nou lavi. . 04:10 Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la. . 04:11 Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou yonn renmen lxt. . 04:12 Pesonn pa janm wq Bondye. Men, si nou yonn renmen lxt, Bondye fq yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an. . 04:13 Nou konnen nou fq yonn ak Bondye, Bondye fq yonn ak nou, paske li ban nou Sentespri li. . 04:14 Nou menm, n'ap di sa nou te wq. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun. . 04:15 Moun ki rekonqt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fq yonn ak yo, yo fq yonn ak Bondye. . 04:16 Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwq se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kq yo, yo fq yonn ak Bondye, Bondye fq yonn ak yo. . 04:17 Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lq kq nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv. . 04:18 Kote ki gen renmen, pa gen kq kase. Okontrq, lq nou renmen tout bon, si kq nou te kase, li pa kase ankx. Konsa, yon moun ki pq toujou, li poko fin renmen nqt. Paske si ou pq, se paske ou pq chatiman. . 04:19 Pou nou menm, nou gen renmen nan kq nou, paske Bondye te renmen nou anvan. . 04:20 Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l' rayi frq l', moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frq l', yon moun li ka wq, li pa ka renmen Bondye li pa ka wq a. . 04:21 Se sak fq, men kxmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fqt pou renmen frq yo tou. . * 05:01 Tout moun ki rekonqt Jezi se Kris la, se pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen pitit li tou. . 05:02 Nou konnen nou renmen pitit Bondye yo lq nou renmen Bondye, lq nou fq tou sa li mande nou fq. . 05:03 Nou renmen Bondye, lq nou fq tou sa li mande nou fq. Sa Bondye mande nou fq yo pa twx difisil pase sa. . 05:04 Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fq gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. . 05:05 Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sqlman moun ki kwq Jezi se pitit Bondye a. . 05:06 Jezikri se moun ki te vini an: li te vini ak dlo batqm lan ansanm ak san lanmx li a. Li pa t' vini ak dlo a sqlman, men li te vini avqk dlo ansanm ak san. Lespri Bondye a di se vre sa, paske Lespri Bondye a se verite a menm. . 05:07 Gen yo twa k'ap di Jezi se moun ki te vini an. . 05:08 Se Lespri Bondye a, se dlo a ansanm ak san an. Yo touletwa yo dakx. . 05:09 Nou asepte pawxl moun pou verite. Men, pawxl Bondye a pi bon toujou. Epi, sa se temwayaj Bondye bay pou Pitit li a. . 05:10 Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawxl Bondye a pou verite epi ki kenbe l' nan kq yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fq Bondye pase pou mantx, paske yo pa t' kwq pawxl Bondye te di sou Pitit li a se verite. . 05:11 Men pawxl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li. . 05:12 Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a non plis. . 05:13 M'ap ekri nou lqt sa a, nou menm ki kwq nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p'ap janm fini an. . 05:14 Se poutqt sa kq nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l' kichxy ki dakx ak volonte li. . 05:15 Konsa, non sqlman nou konnen l'ap koute nou lq nou fq l' yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l' la. . 05:16 Si yon moun wq yon frq l' fq yon peche ki p'ap fq l' mouri, se pou l' lapriyq Bondye pou Bondye bay frq a lavi. Pren- sip sa a bon pou moun ki fq peche ki p'ap fq yo mouri. Men, gen yon kalite peche ki mennen yon moun tou dwat nan lanmx. mwen pa di pou yo lapriyq pou moun ki fq kalite peche sa yo. . 05:17 Tou sa ou fq ki mal, se yon peche. Men, se pa tout peche k'ap mennen ou nan lanmx. . 05:18 Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p'ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fq l' anyen. . 05:19 Nou konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latq anba pouvwa Satan. . 05:20 Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an. . 05:21 Pitit mwen yo, veye kx nou ak zidxl! .  ~~~~~~