01:01 Mwen menm Pxl, yon moun Bondye menm te deside rele pou sqvi apxt Jezikri, ansanm ak frq nou Timote, m'ap ekri nou tout ki nan legliz Bondye a nan lavil Korent ansanm ak tout pqp Bondye a ki nan tout peyi Lakayi. . 01:02 Nou mande Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyq nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kq poze. . 01:03 Ann fq lwanj Bondye ki papa Jezikri, Seyq nou an, Papa ki gen kq sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. . 01:04 Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lq n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an. . 01:05 Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman. . 01:06 Si mwen menm mwen nan lapenn, se pou nou menm, moun Korent yo, nou ka resevwa ankourajman pou nou ka delivre. Si mwen menm mwen resevwa ankourajman, se pou nou menm nou ka ankouraje, pou nou ka resevwa fxs kouraj pou sipxte avqk pasyans soufrans mwen menm m'ap sipxte a. . 01:07 Se konsa, mwen gen fqm espwa sa a pou nou, moun Korent, paske mwen konn sa byen, menm jan nou soufri ansanm avq m' nan tout lapenn mwen yo, konsa tou n'a resevwa pa nou nan ankourajman Bondye ap ban mwen an. . 01:08 Mwen ta renmen, frq m' yo, nou konnen anba ki kalite soufrans mwen te ye nan pwovens Lazi a. Sa te rqd nqt. Mwen pa t' kapab sipxte ankx. Mwen te menm kwq mwen pa t'ap soti vivan. . 01:09 Mwen te santi yo te dqyq pou yo te touye mwen. Tou sa rive m' pou m' te aprann pa mete konfyans mwen sou fxs kouraj pa mwen, men pou m' te ka mete tout konfyans mwen nan Bondye ki fq moun mouri leve. . 01:10 Se li menm ki delivre m' anba tout gwo danje lanmx sa yo. Se li menm k'ap toujou la pou delivre m'. Wi, mwen gen espwa l'ap toujou delivre mwen, . 01:11 depi nou menm moun Korent nou ban m' ankourajman, nou lapriyq pou mwen. Se konsa Bondye va tande tout lapriyq sa yo n'ap fq pou mwen, la ban mwen benediksyon l', anpil moun va di l' mqsi pou mwen. . 01:12 Men rezon ki fq m' kontan ak tqt mwen anpil konsa: Konsyans mwen pa repwoche m' anyen pou jan m' te mennen tqt mwen byen nan mitan tout moun, ak kq ouvq, san ipokrizi, sitou nan mitan nou menm, moun Korent, jan Bondye vle l' la. Paske, sa se travay favq Bondye a, se pa t' bon konprann lqzxm ki t'ap dirije mwen. . 01:13 Nan tout lqt mwen ekri, mwen pa janm di lxt bagay pase sa nou ka li ak sa nou ka konprann. Mwen gen espwa nou ka rive konprann nqt . 01:14 sa nou poko fin konprann koulye a: konsa, lq jou Seyq Jezi a va rive, nou ka kontan m' anpil, menm jan mwen menm m'a kontan nou tou. . 01:15 Mwen te sitqlman gen konfyans sou pwen sa a, mwen te konmanse fq lide ale lakay nou pou nou te ka resevwa benediksyon Bondye a de fwa. . 01:16 Men wi, mwen te fq lide pase lakay nou sou wout mwen lq mwen t'aprale Masedwan, epi pou nou te resevwa m' ankx lq m'ap tounen soti la. Nou ta ka ede m' lq sa a kontinye vwayaj mwen pou peyi Jide. . 01:17 Lq m' te fq lide sa a, qske mwen te twx prese? Lq m'ap pran yon desizyon, qske se avantaj pa m' m'ap chache tankou tout moun kifq m' ta gen de pawxl? . 01:18 Mwen pran Bondye ki gen yon sql pawxl la pou temwen, pwomqs mwen te fq nou an, se pa t' yon wi ak yon non anmenmtan. . 01:19 Paske, mwen menm, Silas ak Timote, nou pa t' anonse nou Jezikri, Pitit Bondye a, tankou yon moun ki gen de pawxl. Okontrq, se wi ase Jezikri di pou Bondye. . 01:20 Paske se li menm ki fq nou wq tout pwomqs Bondye yo se verite. Se poutqt sa tou, gremesi Jezikri, nou ka di amqn lq n'ap fq lwanj Bondye. . 01:21 Se Bondye menm ki kenbe m' fqm, ansanm ak nou tout, nan lavi n'ap mennen nan Kris la. Se li menm ki mete nou apa pou li, . 01:22 li menm ki make nou ak letanp li, ki mete Sentespri nan kq nou tankou yon garanti pou tou sa li sere pou nou. . 01:23 Mwen pran Bondye pou temwen sou lavi m': se pou m' te ka menaje nou kifq mwen chanje lide, mwen pa rive Korent. . 01:24 Mwen p'ap chache fxse nou kwq anyen, paske nou deja kanpe fqm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fq kq nou kontan. . * 02:01 Se konsa, mwen pran desizyon pou m' pa vin lakay nou pou m' pa fq nou lapenn ankx. . 02:02 Si pou m' ta fq nou lapenn, ki moun ki pou ta fq kq m' kontan ankx? Eske se ta moun mwen ta fq lapenn yo? . 02:03 Se poutqt sa, mwen ekri nou jan m' te fq l' la: mwen pa t' vle pou lq m' rive lakay nou, moun ki pou ta fq kq m' kontan yo, se yo menm ki pou ta fq m' lapenn. Paske, mwen gen fqm konviksyon sa a, lq m' kontan, nou tout nou kontan tou. . 02:04 Wi. Lq sa a, kq m' te boulvqse anpil, kq m' te sere, se ak dlo nan je mwen te ekri nou. Mwen pa t' fq sa pou fq nou lapenn non. Se vle mwen te vle fq nou konnen jan m' renmen nou anpil. . 02:05 Si yon moun fq yon lxt lapenn, se pa mwen li fq lapenn, men se nou tout, moun Korent, li fq lapenn. Pou m' pa al twx lwen, pito m' di se kqk nan nou li fq lapenn. . 02:06 Pifx nan nou gen tan peni nonm sa a, se kont li. . 02:07 Koulye a se pou nou padonnen l', se pou nou ba li ankourajman pito, pou yon twx gwo lapenn pa kraze l' nqt. . 02:08 Se poutqt sa, m'ap mande nou pou nou aji avq l' yon jan pou fq l' wq jan nou renmen li. . 02:09 Se pou sa menm mwen te ekri nou: mwen te vle sonde nou pou m' te konnen si nou toujou soti pou nou koute tou sa m' di nou. . 02:10 Enben, lq nou menm nou padonnen yon moun pou mal li fq a, mwen menm tou mwen padonnen li. Lq mwen menm mwen padonnen li, - pou di vre, mwen pa gen anyen pou m' padonnen non,- men, lq m' fq sa, mwen fq l' pou nou devan Kris la, . 02:11 pou pa bay Satan okenn avantaj sou nou. Paske nou konnen byen pwxp sa Satan gen nan tqt li. . 02:12 Lq mwen te lavil Twoas pou m' te anonse Bon Nouvql ki pale sou Kris la, Seyq a te ban m' yon bql okazyon pou m' te travay la. . 02:13 Men, kq m' te sere anpil, paske mwen pa t' jwenn Tit, frq nou an. Se poutqt sa mwen di moun Twoas yo orevwa, epi m' pati pou Masedwan. . 02:14 Ann di Bondye mqsi! Paske l'ap toujou mennen nou ansanm ak Kris la pou fete batay li genyen an. Li pran nou, li sqvi ak nou tankou yon odq k'ap gaye bon sant li toupatou, pou n' ka fq tout moun konnen Kris la. . 02:15 Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri. . 02:16 Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmx k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fq yon travay konsa? . 02:17 Nou pa tankou anpil moun k'ap defxme pawxl Bondye a. Okontrq, nou pale pawxl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou. . * 03:01 Eske sa vle di m'ap konmanse fq lwanj tqt mwen ankx? Osinon, qske mwen ta bezwen yon lqt rekxmandasyon pou nou tankou kqk lxt ki pxte lqt rekxmandasyon ban nou? Ou ankx qske se pou m' ta mande nou pxte yon lqt konsa ban mwen? . 03:02 Se nou menm, moun Korent, ki lqt rekxmandasyon mwen, yon lqt ki ekri nan kq m' pou tout moun ki konn li ka li li. . 03:03 Wi, se bagay ki klq, nou menm moun Korent, nou se yon lqt Kris la menm te ekri ban m' pote. Li pa t' ekri l' ak lank, sou moso wxch plat, men sou kq moun ak Lespri Bondye ki vivan an. . 03:04 M'ap di nou tou sa, paske, gremesi Jezikri, mwen gen konfyans nan Bondye. . 03:05 Konprann byen, mwen pa t' janm gen pretansyon pou m' ta kapab fq bagay konsa ak pwxp kouraj mwen. Sa mwen fq a, se Bondye ki fq m' ka fq li. . 03:06 Se li menm ki fq m' ka sqvi anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa t' fqt dapre lalwa ki ekri a, men dapre pouvwa Lespri Bondye a. Lalwa ki ekri a bay lanmx, men Lespri Bondye a bay lavi. . 03:07 Yo te make lalwa a lqt pa lqt sou de moso wxch plat. Pouvwa Bondye a te parqt aklq lq li t'ap bay li. Lq sa a, figi Moyiz te sitqlman klere, moun pqp Izrayql yo pa t' ka fiske jq yo sou li. Men, figi Moyiz la pa t'ap rete klere tout tan. Si travay lalwa a, ki te la pou bay lanmx, te parqt konsa, . 03:08 nou pa bezwen mande si pouvwa ki pou parqt lq Lespri Bondye a ap travay p'ap pi gwo toujou. . 03:09 Travay ki t'ap fq yo kondannen moun lan te gen pouvwa, se vre! Nou pa bezwen mande ki kalite pouvwa ki dwe genyen nan travay k'ap fqt pou Bondye fq moun gras. . 03:10 Nou ka menm di pouvwa ki te parqt aklq nan tan lontan an pa anyen devan pouvwa k'ap parqt aklq koulye a, sitqlman li depase l' anpil. . 03:11 Si sa ki te la pou yon tan an te gen pouvwa, nou pa bezwen mande ki pouvwa sa ki la pou tout tan an genyen. . 03:12 Se paske mwen gen tout espwa sa a kifq kq m' poze konsa. . 03:13 Mwen pa tankou Moyiz: klate ki te nan figi l' la te la pou yon tan. Se sa ki fq Moyiz te kouri kouvri tout figi l' ak yon moso twal pou moun pqp Israyql yo pa t' wq lq klate a disparqt. . 03:14 Men, yo pa t' ka konprann anyen. Jouk koulye a, lq y'ap li liv ansyen kontra yo, vwal la toujou la sou lespri yo. Lq yon moun mete konfyans yo nan Kris la, se lq sa a vwal la disparqt. . 03:15 Jxdi a ankx, chak fwa y'ap li liv Moyiz yo, vwal la kouvri lespri yo. . 03:16 Men, tankou sa ekri nan liv la: Lq yon moun tounen vin jwenn Seyq a, vwal la soti. . 03:17 Kilqs Seyq y'ap pale la a? Se Lespri Bondye a. Kote Lespri Bondye a ye, la gen libqte. . 03:18 Nou tout, nou pa kouvri figi nou; nou tankou yon glas k'ap fq moun wq pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfxme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nqt ak Seyq a. Sa se travay Seyq a. Lespri Bondye. . * 04:01 Konsa, se Bondye menm, nan kq sansib li gen pou mwen an, ki te renmqt mwen travay sa a pou m' fq. Se poutqt sa, mwen pa janm pqdi kouraj. . 04:02 Mwen voye tout bagay lqd lqzxm ap fq an kachqt yo jete. Mwen pa fq okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawxl Bondye a. Okontrq, mwen fq tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa bagay sa yo rekxmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans. . 04:03 Si malgre sa, bon nouvql m'ap anonse a pa klq toujou, li pa klq pou moun k'ap peri yo. . 04:04 Yo pa kwq paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wq limyq bon nouvql la. Se bon nouvql sa a ki fq nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pxtre Bondye. . 04:05 Konprann sa byen, se pa tqt pa m' m'ap fq nou konnen: men se Jezikri, Seyq a, m'ap fq nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sqvi m'ap sqvi nou poutqt Jezi. . 04:06 Bondye ki te di: Mwen vle pou limyq a klere nan mitan fqnwa a, se li menm tou ki fq limyq li a klere nan kq nou pou li fq nou konnen pouvwa li ki yon limyq ki klere byen bql nan figi Kris la. . 04:07 Men, nou tout k'ap pote richqs Bondye sa a nan kq nou, nou tankou veso ki fqt an tq. Tou sa se pou tout moun ka wq kokenn chenn pouvwa sa a pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti. . 04:08 Mwen jwenn tout kalite fikilte; men, mwen pa janm kwense nqt. Mwen konn rive nan sitirasyon mwen pa konn ni sa pou m' fq, ni sa pou m' di. Men, mwen pa janm pqdi espwa. . 04:09 Yo pqsekite m', men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo so, men mwen pa rete atq a. . 04:10 Se konsa, kote m' pase mwen pote soufrans lanmx Jezi a nan kx mwen, pou tout moun ka wq pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kx m' tou. . 04:11 Nan lavi m', se tout tan m'ap pase toupre lanmx poutqt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parqt aklq nan kx mwen ki la pou mouri. . 04:12 Konsa, lanmx ap travay nan mwen, men se lavi k'ap travay nan nou menm moun Korent. . 04:13 Men sa ki ekri nan Liv la: Mwen te gen konfyans, se poutqt sa mwen te pale. Mwen menm tou, mwen gen menm konfyans sa a, se poutqt sa m'ap pale. . 04:14 Mwen konnen Bondye ki te fq Seyq Jezi leve soti vivan nan lanmx a, li gen pou l' fq m' tounen vivan ankx ansanm ak Jezi, li gen pou l' fq m' parqt ansanm ak nou devan li. . 04:15 Se poutqt nou menm, moun Korent, kifq tout bagay sa yo rive, paske fxk gen plis moun toujou k'ap resevwa favq Bondye a pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyq pou di Bondye mqsi pou pouvwa li. . 04:16 Se sak fq mwen pa janm dekouraje. Menm si kx m' ap bese chak jou, lespri m' ap vin pi fqm chak jou tou. . 04:17 Sa m'ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bql pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. . 04:18 Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wq, men bagay moun pa wq. Sa moun wq, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wq, se bagay ki la pou tout tan. . * 05:01 Wi, nou konnen lq kx nou gen sou latq a va demoli tankou yon kay, Bondye sere yon lxt kay nan syql la, yon kay byen solid k'ap la pou tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou. . 05:02 Koulye a m'ap plenn anpil, sitqlman m' anvi antre nan kay mwen gen nan syql la. . 05:03 Konsa, lq m'a antre ladan l', yo p'ap jwenn mwen toutouni. . 05:04 Wi, toutotan m'ap viv nan kx mwen gen sou latq a, m'ap plenn tankou moun ki anba yon chay. Sa pa vle di mwen ta renmen wete kx sa a sou mwen. Men, mwen ta renmen pito mete kx mwen gen nan syql la sou mwen. Se konsa, tou sa ki gen pou mouri nan nou pral disparqt nan lavi. . 05:05 Se Bondye menm ki pare nou pou chanjman sa a. Li ban nou Sentespri l' tankou yon garanti pou tout byen li sere pou nou yo. . 05:06 Se pou sa, nou toujou gen gwo kouraj. Nou konnen toutotan nou nan kx sa a nou lwen Seyq a toujou. . 05:07 Si n'ap mache, se pa paske nou wq tout bagay klq, men se paske nou gen konfyans nan Kris la. . 05:08 Nou gen gwo kouraj epi nou ta pito kite kx sa a pou n' al rete toupre Seyq a. . 05:09 Men, anvan tout bagay, nou vle fq Seyq a plezi, kit nou nan kx sa a, kit nou kite li. . 05:10 Paske, nou tout nou gen pou n' konparqt devan Kris la pou li ka jije nou. Lq sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fq antan l' te nan kx sa a. . 05:11 Mwen konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye, se poutqt sa m'ap chache mennen lqzxm vin kwq nan sa m'ap di. Bondye pou tqt pa l' gen tan konnen m' nqt. Mwen ta swete nou menm nan fon kq nou, nou konnen m' tou. . 05:12 Pa mete nan lide nou mwen vin pale nou byen sou tqt mwen ankx. Men, mwen ta renmen ban nou okazyon pou nou kontan m' anpil, pou nou ka jwenn repons pou nou bay moun ki pa gen bon kalite nan kq yo tout bon, men k'ap fq grandizq pou bagay ki gen bql aparans. . 05:13 Si jan yo di l' la mwen fou, se pou Bondye mwen fou. Men, si mwen gen tout bon sans mwen, se pou nou menm, moun Korent, mwen konsa. . 05:14 Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m': mwen gen konviksyon sa a, si yon sql moun te mouri pou tout lxt yo, sa vle di tout lxt yo mouri ansanm avq li. . 05:15 Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tqt pa yo ankx, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve soti vivan nan lanmx pou yo a. . 05:16 Se poutqt sa, depi koulye a, mwen pa konsidere pesonn sou laparans, tankou lqzxm fq l' la. Si yon lq mwen te konsidere Kris la sou laparans tankou lqzxm fq l' la, koulye a mwen pa konnen l' nan jan sa a ankx. . 05:17 Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lxt moun. Bagay lontan yo disparqt, se lxt bagay nqf ki pran plas yo koulye a. . 05:18 Tou sa soti nan Bondye ki fq nou vin zanmi avq l' ankx, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fq m' konfyans, ki ban m' travay sa a pou mennen lqzxm vini byen avq l' ankx. . 05:19 Paske nan Kris la, Bondye t'ap fq tou sa li te kapab pou fq moun vin byen avq l' ankx. Li pa t' gade sou peche lqzxm te fq. Se li menm ki mete mwen la pou fq lqzxm konnen ki jan l'ap fq yo byen avq l' ankx. . 05:20 Se sak fq mwen pale nan nou Kris la menm ki te voye m', tankou si se Bondye menm k'ap pale nan bouch mwen pou di nou: tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankx. . 05:21 Kris la pa t' janm fq okenn peche, men Bondye fq l' pran sx nou sou li, yo trete l' tankou yon moun ki fq peche. Konsa, lq nou fq yon sql kx ak Kris la, Bondye fq nou gras. . * 06:01 Se poutqt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favq nou resevwa nan men Bondye a gaspiye. . 06:02 Paske, nan Liv la Bondye te di: Mwen te koute ou, lq lq a te rive pou m' te fq ou gras la. Mwen te pote ou sekou, lq jou a te rive pou m' te delivre ou la. Enben, koulye a, men lq a rive pou n' resevwa favq Bondye a; se jxdi a menm nou ka jwenn delivrans. . 06:03 Mwen pa ta vle pesonn jwenn anyen pou kritike nan travay mwen. Se poutqt sa, m'ap chache mwayen nan travay mwen pou m' pa bay pesonn okazyon tonbe nan peche. . 06:04 Okontrq, nan tout bagay, mwen fq tout moun wq se Bondye m'ap sqvi. Se avqk anpil pasyans mwen sipxte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kq sere. . 06:05 Yo bat mwen, yo mete m' nan prizon. Yo moute tqt moun sou do mwen, yo fq m' fq travo fxse. Yo fq m' pase nwit san dxmi, yo fq m' rete san manje. . 06:06 Mwen fq tout moun wq se moun k'ap sqvi Bondye mwen ye pou jan m' mache dwat, pou jan m' konn verite a, pou jan m' gen pasyans ak bon kq, pou jan m' kite Sentespri dirije lavi m', pou jan m' renmen tout moun ak tout kq mwen, . 06:07 pou jan m'ap mache bay verite a, pou jan Bondye soutni m' ak pouvwa li. Mwen sqvi ak tout bagay ki dwat tankou zam, kit pou atake, kit pou defann tqt mwen. . 06:08 Yon lq yo respekte mwen, yon lxt lq yo fq m' wont. Yon lq yo pale byen pou mwen, yon lxt lq yo pale m' mal. Yo fq m' pase pou moun k'ap bay manti, men se verite a m'ap di. . 06:09 Yo fq m' pase pou moun pesonn pa konnen, men tout moun konnen m' byen pwxp. Yo fq m' pase pou moun ki fin mouri, men mwen byen vivan. Yo bat mwen, men yo pa touye mwen. . 06:10 Y'ap fq m' lapenn, men mwen toujou gen kq kontan. Mwen sanblq m' pxv, men mwen fq anpil moun rich. Mwen sanble m' pa gen anyen, men se mwen menm ki gen tout bagay. . 06:11 Zanmi m' yo, moun Korent, mwen pale kare avq nou, mwen louvri tout kq m' ban nou. . 06:12 Se pa mwen ki te fqmen kq m' ban nou, se nou menm ki te fqmen kq nou ban mwen. . 06:13 Se poutqt sa, m'ap pale avq nou tankou si nou te pitit mwen. Santiman mwen gen pou nou an se li menm tou pou nou gen pou mwen: louvri tout kq nou ban mwen. . 06:14 Pa mete tqt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wq sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyq ta ka mache ak fqnwa? . 06:15 Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwq gen pou wq ansanm ak moun ki pa kwq? . 06:16 Kisa kay Bondye a gen pou wq ak zidxl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pqp mwen. . 06:17 Se poutqt sa, Bondye te di nou: Soti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lq sa a, mwen menm, m'a resevwa nou. . 06:18 M'a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n'a tankou pitit gason m' ak pitit fi mwen. Se Mqt ki gen tout pouvwa a ki di sa. . * 07:01 Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fq tout pwomqs sa yo. Ann kenbe kx nou ak nanm nou nan kondisyon pou n' sqvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li! . 07:02 Tanpri, ban m' yon ti plas nan kq nou! (Konprann mwen byen). Mwen pa fq pesonn okenn mal, pesonn pa ka di mwen lakxz yo pqdi pozisyon yo. Pesonn pa ka di mwen pwofite sou yo. . 07:03 Mwen pa di nou sa pou kondannen nou. Mwen deja di nou sa: sitqlman mwen renmen nou, mwen pote nou sou kq mwen pou lavi ak pou lanmx. . 07:04 Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil. Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouraj, kq m' kontan nqt. . 07:05 Se konsa, depi mwen te rive nan peyi Masedwan, kq m' pa t' poze menm: mwen jwenn traka tout jan. Yon bx mwen te nan gwo diskisyon ak kqk moun, yon lxt bx mwen te pq nan kq mwen. . 07:06 Men, Bondye ki bay moun ki nan lafliksyon yo kouraj te ban m' kouraj lq l' te voye Tit vin jwenn mwen. . 07:07 Se pa rive Tit la ase ki te ankouraje mwen. Sa te remoute kouraj mwen anpil tou lq li rakonte m' jan nou menm nou te ba li ankourajman. Li fq m' konnen jan nou anvi wq m', jan sa fq nou lapenn pou mwen, jan nou pare pou nou pran defans mwen. Se sak fq, koulye a mwen pi kontan toujou. . 07:08 Menm si lqt mwen te ekri nou an te fq nou lapenn, mwen pa rqgrqt sa. Mwen te regrqt mwen te ekri l' lq m' te wq jan l' te fq nou lapenn lq sa a. . 07:09 Men koulye a, kq m' kontan, pa paske mwen te fq nou lapenn, men paske lapenn nou te genyen an te fq nou chanje kondit. Nou te sipxte lapenn sa a jan Bondye vle l' la. Se konsa mwen pa fq nou okenn mal. . 07:10 Paske, lq yon moun sipxte lapenn li jan Bondye vle l' la, sa chanje kq li pou l' ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n' rqgrqt. Men, lapenn nou sipxte jan tout moun fq l' la, se touye l'ap touye nou. . 07:11 Nou menm, nou sipxte lapenn nou an jan Bondye vle l' la. Koulye a, gade sa l' fq pou nou! Gade ki jan li fq nou pran sitirasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou soti pou defann tqt nou? Gade jan n' te fache! Gade jan n' te pq! Gade jan nou anvi wq m' ankx! Gade jan nou aktif, jan nou prese peni moun ki te fq sa ki mal la! Nou moutre nou pa t' koupab nan tout bagay sa yo. . 07:12 Se pa pou moun ki te fq sa ki mal la, ni pou moun yo te fq mal la mwen te ekri nou. Mwen ekri nou pou n' te ka wq jan nou devwe pou mwen devan Bondye. Se poutqt sa, sa te ban m' anpil ankourajman. . 07:13 Se pa ankouraje sqlman mwen te ankouraje. Mwen te pi kontan ankx lq m' wq kouman Tit te kontan pou jan nou te ba li ankourajman. . 07:14 Mwen te pale byen pou nou anpil ak Tit, epi nou pa fq m' wont. Mwen pa janm ban nou manti lq m'ap pale ak nou. Se konsa, sa m' te di Tit sou nou an se te verite a tout bon. . 07:15 Koulye a, li vin renmen nou plis toujou lq l' chonje jan nou tout nou te dispoze obeyi, jan nou te resevwa l' avqk krentif sitqlman nou t'ap tranble. . 07:16 Mwen kontan nqt mwen ka toujou konte sou nou. . * 08:01 Frq m' yo, mwen ta renmen nou konnen ki jan Bondye te fq wq favq l' nan legliz ki nan peyi Masedwan yo. . 08:02 Patizan Kris yo te pase anba anpil eprqv avqk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitqlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kq yo, malgre yo te nan nesesite. . 08:03 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo menm bay pase sa yo te kapab. San moun pa fxse yo, . 08:04 se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilqj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pqp Bondye nan peyi Jide a. . 08:05 Sa depase sa nou te kwq a anpil: yo ofri tqt yo bay Seyq a anvan. Apre sa, yo ofri tqt yo ban nou jan Bondye vle l' la. . 08:06 Se konsa, mwen mande Tit pou li al lakay nou pou l' ka kontinye travay li te konmanse a, pou nou ka bay sa nou gen pou n' bay la ak tout kq nou. . 08:07 Wi, nou rich sou tout pwen, kit se nan lafwa, kit se nan konn pale byen, kit se nan kxnesans verite a, kit se nan aktivite nou pou Bondye, kit se nan renmen nou gen pou mwen. Se poutqt sa mwen ta renmen wq nou bay ak tout kq nou pou zqv sa a tankou moun ki rich. . 08:08 Se pa yon lxd m'ap ban nou: Men, mwen pran egzanp sou lxt yo pou nou menm tou nou ka moutre jan nou gen renmen tout bon nan kq nou. . 08:09 Nou konnen ki favq Jezikri, Seyq a, fq nou. Li menm ki te rich, li fq tqt li tounen pxv pou nou. Konsa, lq l' fq tqt li tounen pxv la, li fq nou rich. . 08:10 Men lide mwen fq sou keksyon sa a. Depi lanne pase anwo, se nou menm an premye ki te fq lide ede frq yo. Se nou menm an premye ki te konmanse ranmase lajan pou sa. . 08:11 Koulye a, se pou n' kontinye fin fq jqs la nqt. Menm jan nou te mete tout kq nou lq nou t'ap pran desizyon fq l' la, mete tout kq nou pou nou fini ak sa, dapre mwayen nou. . 08:12 Paske si nou mete tout kq nou pou nou bay, Bondye ap asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap gade sou sa nou pa genyen. . 08:13 Sa pa vle di se pou nou mete tqt nou nan lamizq lq n'ap soulaje lxt moun. Men, se pou tout moun menm jan. . 08:14 Si koulye a nou gen anpil, se pou n' ede sa ki nan nesesite yo. Si yon jou pita nou vin nan nesesite, epi yo menm yo gen anpil, lq sa a y'a kapab ede nou tou. Konsa tout moun va menm jan, . 08:15 dapre sa ki te ekri nan Liv la: Moun ki te ranmase plis yo pa t' gen twxp. Moun ki te ranmase pi piti yo pa t' manke anyen. . 08:16 Ann di Bondye mqsi, li menm ki fq Tit devwe pou nou, menm jan avq mwen! . 08:17 Tit te asepte fq sa m' te mande l' fq a. Men, li te sitqlman prese vin ede nou, se li menm menm ki pran desizyon ale lakay nou. . 08:18 Nou voye yon frq avq li. Tout moun nan legliz yo ap nonmen non frq sa a pou jan l' travay pou anonse bon nouvql la. . 08:19 Apre sa, se legliz yo menm ki te chwazi l' pou vwayaje ansanm ak nou, pou ede ranmase lajan nou t'ap bay la. Lajan sa a gen pou sqvi yon lwanj pou Bondye, anmenmtan l'ap fq wq jan nou vle ede vre. . 08:20 Nou pran tout prekosyon sa yo pou moun pa jwenn repwxch pou yo fq nou pou gwo lajan sa a ki nan men nou an. . 08:21 N'ap chache fq tout bagay pwxp, pa sqlman devan Bondye, men devan tout moun tou. . 08:22 N'ap voye yon lxt nan frq nou yo ak yo tou. Nou te swiv frq sa a anpil, li toujou moutre anpil devouman nan sqvis la. Men, koulye a li gen plis devouman toujou pou jan li fq nou konfyans anpil. . 08:23 Konsa, Tit se yon bon zanmi m' k'ap travay ansanm avq m' pou nou. Pou lxt frq ki avq l' yo, se legliz yo ki voye yo. Se yon lwanj pou Kris la. . 08:24 Fq yo wq jan nou renmen yo, pou legliz yo ka sqten nou renmen yo, pou yo ka konnen mwen gen rezxn pale byen pou nou konsa. . * 09:01 Mwen pa wq rezxn pou m' voye di nou anyen sou keksyon sekou n'ap voye bay manm pqp Bondye ki nan peyi Jide a. . 09:02 Mwen konnen jan nou vle ede, mwen pa t' manke kontan pale byen pou nou ak moun Masedwan yo lq m' te di yo: Depi lanne pase anwo, frq ki nan peyi Lakayi yo pare pou ede. Se konsa lanpresman nou pou bay te eksite anpil ladan yo bay tou. . 09:03 Malgre sa, m'ap voye frq sa yo bx kote nou pou bql pawxl mwen te di pou nou sou zafq sekou sa a pa pase pou manti. Mwen ta renmen wq nou pare vre, jan mwen te di l' la. . 09:04 Ala wont mwen ta wont si, pou lq moun peyi Masedwan yo ta vin ansanm avq m', yo ta jwenn nou pa pare! Jan m' te konte sou nou sa! Mwen pa bezwen pale jan nou menm tou nou ta wont! . 09:05 Se sak fq, mwen kwq se te nesesq pou m' te mande frq sa yo pou y al lakay nou anvan mwen, pou nou ka pare kado nou te pwxmqt nou t'ap bay la. Konsa, lq m'a rive mwen menm, kado a va tou pare. Lq sa a, moun yo va wq nou bay paske nou vle, pa paske yo fxse nou. . 09:06 Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekxlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekxlte anpil. . 09:07 Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kq yo, san yo pa rqgrqt anyen, san moun pa bezwen fxse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kq kontan. . 09:08 Bondye menm gen pouvwa pou l' ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fq sa, pa sqlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rqs ki rete pou n' fq tout kalite bon zqv. . 09:09 Se sa menm ki ekri nan Liv la: Li bay moun ki nan nesesite yo san gad dqyq. L'ap toujou gen kq nan men. . 09:10 Bondye ki bay moun k'ap simen an grenn pou l' simen ak pen pou l' manje, la ban nou tou sa nou bezwen pou simen. La fq l' pouse pou nou, pou nou ka fq yon bql rekxtlq nou bay an kantite konsa. . 09:11 Bondye ap toujou fq nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kq nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mqsi pou kado n'a ban mwen pou yo. . 09:12 Se pou nou konn sa byen: sqvis n'ap rann lq nou bay lajan sa a, se pa sqlman pou bay moun pqp Bondye sa yo bezwen. Men, akxz sqvis sa a, anpil moun pral lapriyq Bondye pou di l' mqsi. . 09:13 Sqvis sa a ap fq yo wq ki kalite moun nou ye. Yo pral fq lwanj Bondye, paske sekou sa a pral fq yo wq jan nou soumqt, jan nou kwq nan bon nouvql ki pale sou Kris la. Y'a fq lwanj Bondye tou pou jan nou separe byen nou yo ak yo ansanm ak tout lxt yo. . 09:14 Y'a lapriyq pou nou, y'a renmen nou anpil akxz gwo favq sa a Bondye fq pou nou. . 09:15 Ann di Bondye mqsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado ki pa gen parqy li! . * 10:01 Men sa mwen menm Pxl, m'ap mande nou ak dousq ansanm ak bon kq ki soti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fqmen lq m' nan mitan nou, men lq m' lwen nou mwen sevq. . 10:02 Tanpri, pa fxse m' moutre nou jan mwen ka sevq lq m'a rive lakay nou. Paske mwen sqten m'a ka moutre m' sevq annegad moun ki konprann m'ap aji dapre bon konprann lqzxm. . 10:03 M'ap viv koulye a nan yon kx tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun. . 10:04 Zam m'ap sqvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fx. M'ap kraze tout pawxl esplikasyon ki pa bon, . 10:05 m'ap kraze tou sa lqzxm nan lxgqy yo ap fq pou anpeche moun konnen Bondye. M'ap mare tout vye lide ki nan tqt lqzxm yo, m'ap fq yo vin obeyi Kris la . 10:06 Mwen pare pou m' peni tout moun ki va dezxbeyi. Men, anvan sa, se pou nou moutre m' jan nou soti pou nou soumqt nou nqt. . 10:07 Nou menm, moun Korent, n'ap gade sou laparans. Enben, si yon moun mete nan tqt li se moun Kris la li ye, se pou l' mete sa nan tqt li tou, mwen menm tou mwen se moun Kris la mwen ye menm jan avq li. . 10:08 Enpi, menm si m' te fq grandizq yon ti jan twxp pou otorite Seyq a ban mwen an, mwen pa wont pou sa. Paske, otorite sa li ban mwen an, se pou m' fq nou grandi nan konfyans nan li, se pa pou m' kraze nou. . 10:09 Mwen pa ta vle nou konprann m'ap chache kraponnen nou lq m'ap ekri nou konsa. . 10:10 Gen moun ki di: Lq Pxl ap ekri nou, li rqd konsa, li sevq. Men, lq li la nan mitan nou li tou dou. Ata pale li pa ka pale. . 10:11 Enben, moun ki di sa a, li mqt mete sa nan tqt li: Pa gen diferans ant sa m'ap ekri nan lqt mwen voye ban nou lq mwen pa la ak sa mwen pral fq lq m'a la nan mitan nou. . 10:12 Konprann sa byen: mwen pa ka pqmqt mwen pou m' mete m' sou menm wotq ak moun ki kwq yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap konpare tqt mwen ak yo non plis. Se yon bann san konprann! Y'ap mezire tqt yo ak mezi yo menm yo fq. Y'ap konpare tqt yo ak pwxp tqt pa yo ankx. . 10:13 Men, pou mwen menm, mwen p'ap vantq tqt mwen depase limit. M'ap rete nan limit travay Bondye ban mwen an. Nou menm, moun Korent, nou nan limit travay mwen. . 10:14 Se sak fq, mwen pa t' depase limit mwen lq m' te rive lakay nou ak bon nouvql ki pale sou Kris la. . 10:15 Konsa, nou wq, mwen pa depase limit Bondye ban mwen. Mwen p'ap fq grandizq pou travay lxt moun te deja fq. Okontrq, mwen gen espwa n'a grandi nan konfyans, pou m' ka fq yon pi gwo travay ankx nan mitan nou, toujou nan limit Bondye ban mwen an. . 10:16 Apre sa, m'a kapab al anonse bon nouvql la nan peyi ki pi lwen pase lakay nou, san m' p'ap bezwen fq grandizq pou travay lxt moun deja fq nan limit pa yo. . 10:17 Paske, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fq lwanj tqt li, se pou l' fq lwanj tqt li nan sa Bondye fq pou li. . 10:18 Se konsa wi: Se pa moun k'ap fq lwanj tqt yo ki bon pou travay la, men se moun Seyq a rekxmande ki bon pou travay la. . * 11:01 Mwen ta renmen nou pqmqt mwen pran pxz moun fou m' pou yon ti moman. Enben, wi, pqmqt mwen fq sa. . 11:02 M'ap fq jalouzi pou nou, yon jalouzi ki soti nan Bondye. Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezxd. Mwen fiyanse nou ak yon sql gason. Gason sa a se Kris la. . 11:03 Men, mwen pq pou lespri nou pa pqvqti, pou nou pa manke Kris la pawxl, pou nou pa tonbe nan dezxd tankou Ev ki te kite sqpan an vire lxlxj li ak riz li yo. . 11:04 Mwen di sa paske mwen wq nou kite nenpxt ki moun vin fq nou konnen yon Jezi ki pa menm ak Jezi mwen te fq nou konnen an, epi nou pa di anyen. Mwen wq nou pare pou n' asepte yon lespri ak yon mesaj ki pa menm ni ak Lespri Bondye a, ni ak bon nouvql mwen te ban nou an. . 11:05 Pou mwen, mwen pa wq sa apxt ki kwq yo plis pase tout moun yo gen pase mwen. . 11:06 Mwen ka pa konn pale byen, men pou konesans la, se pa menm bagay. Nan tout okazyon ak nan tout bagay mwen te toujou fq nou wq sa. . 11:07 Lq m' te anonse nou bon nouvql Bondye a, mwen te fq sa gratis pou nou, mwen te desann tqt mwen pou m' te ka fq nou kanpe. Eske mwen te gen tx lq m' te fq sa? . 11:08 Lq sa a, mwen te asepte lajan nan men lxt legliz yo. Se tankou si m' te pran nan sa ki pou yo pou m' te kapab ede nou. . 11:09 Pandan tout tan mwen te pase lakay nou an, mwen pa t' sou kont pesonn lq m' te bezwen lajan, paske frq ki soti Masedwan yo te pote tou sa m' te bezwen pou mwen. Mwen te pran kont prekosyon m' pou m' pa t' sou kont nou yonn pou anyen, epi m'ap toujou pran menm prekosyon sa a. . 11:10 Jan mwen sqten mwen konnen verite Kris la, mwen pa ka bay manti, se konsa m'ap di nou sa: rezon sa a mwen genyen pou m' vante tqt mwen nan tout peyi Lakayi a, pesonn p'ap kapab wete l' nan men mwen. . 11:11 Poukisa? Eske se paske mwen pa renmen nou? Se Bondye ki konnen jan mwen renmen nou. . 11:12 Men, m'ap toujou aji jan m'ap aji koulye a, pou m' pa bay moun k'ap chache okazyon pou yo fq grandizq chans pou yo ka di yo travay menm jan ak mwen. . 11:13 Moun sa yo, se pxz apxt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fq tqt yo pase pou apxt Kris la. . 11:14 Pa gen anyen la a ki pou fq n' sezi: ata Satan ka ranje kx l' pou l' pran pxz yon zanj limyq. . 11:15 Si moun k'ap sqvi Satan yo pran pxz moun k'ap sqvi sa ki byen, pa gen anyen ki dwxl nan sa. Men, bout pou bout y'a jwenn sa y'ap chache a. . 11:16 M'ap repete sa m' te di a: Piga pesonn pran m' pou moun fou. Men, si nou pran m' pou moun fou, kite m' pran pxz moun fou m' vre pou m' kapab vante tqt moun yon ti kras tou. . 11:17 Sa m'ap di koulye a, se pa sa menm Seyq a ta renmen m' di. Men, nan pozisyon yo mete m' ki fq m' ka vante tqt mwen an, m'ap pale tankou si m' te fou. . 11:18 Sitqlman gen moun k'ap vante tqt yo pou bagay y'ap fq sou latq, kite m' vante tqt mwen tou. . 11:19 Nou menm ki gen bon konprann nou pa manke tolere moun fou! . 11:20 Nou kite yo fq nou tounen esklav, nou kite yo devore nou, nou kite yo pran nou nan pqlen, nou kite yo fq awogans sou nou, nou kite yo ban nou souflqt. . 11:21 Wi, mwen wont di sa: Mwen te twx fqb pou m' te aji jan m' te aji ak nou an! Men, si gen moun ki ka pqmqt yo vante tqt yo pou lxt bagay (pa bliye m'ap pale tankou yon moun fou wi!) mwen menm tou m'ap pqmqt mwen fq sa tou. . 11:22 Eske yo se pitit pitit Ebq? Mwen menm tou. Eske yo se moun ras Israyql la? Mwen menm tou. Eske yo se pitit pitit Abraram? Mwen menm tou. . 11:23 Eske yo se moun k'ap sqvi Kris la? (M'ap pale koulye a tankou moun ki deraye nqt.) Mwen sqvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m' nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo. . 11:24 An senk fwa, jwif yo ban m' trant nqf kout fwqt. . 11:25 An twa fwa, women yo bat mwen. Yon fwa yo kalonnen m' wxch pou yo te touye mwen. Batiman koule avq m' twa fwa. Yon fwa menm mwen pase yon jou ak yon nwit nan dlo. . 11:26 Anpil fwa menm, lq m'ap vwayaje konsa dlo larivyq manke pote m' ale. Bandi manke touye m', jwif yo manke touye m' tou, ata moun lxt nasyon yo manke touye m' tou. Mwen te an danje nan lavil, mwen te an danje andeyx, mwen te an danje sou lanmq. Ata swadizan frq yo manke touye mwen. . 11:27 Mwen redi travay di, mwen fatige kx m' anpil, mwen pase anpil nwit san dxmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m' mete sou mwen. . 11:28 San konte anpil lxt bagay ankx, chak jou se tqt chaje pou mwen ak bagay mwen gen pou m' regle pou tout legliz yo. . 11:29 Si yon moun fqb, lamenm mwen fqb tou. Si yon moun tonbe nan peche, sa rann mwen malad. . 11:30 Si se pou m' vante tqt mwen, m'a vante tqt mwen pou tout bagay ki pou moutre jan m' fqb. . 11:31 Bondye ki Papa Seyq Jezi a (li menm k'ap resevwa lwanj tout tan an), li konnen mwen p'ap bay manti. . 11:32 Lq m' te lavil Damas, moun wa Aretas te mete pou gouvqnen lavil la pran gad, li mete yo nan tout pxtay lavil la pou yo te arete m'. . 11:33 Men frq yo fq m' pase nan yon fennqt nan gwo miray lavil la. Yo file m' desann nan yon panyen. Se konsa mwen te chape kx m' anba men li. . * 12:01 Mwen blije ap vante tqt mwen, atout mwen konnen sa pa bon. Men, m'ap vin koulye a sou vizyon ak revelasyon Seyq a te ban mwen. . 12:02 Mwen konnen yon moun k'ap viv nan Kris la, ki te transpxte jouk anwo nqt nan syql la. Sa gen katxzan depase. (Mwen pa konn ki jan sa te fq fqt, mwen pa ka di si l' te moute tout bon nan kx l', osinon si se te yon vizyon li te fq. Se Bondye sql ki konnen.) . 12:03 Wi, mwen konnen nonm sa a te santi l' moute jouk anwo nan paradi. M'ap repete, mwen pa ka di si li te moute tout bon nan kx l', osinon si se te yon vizyon li te fq. Se Bondye sql ki konnen. . 12:04 Antan l' te la, li tande yon bann pawxl bouch moun pa ka pale, koze moun pa gen dwa repete. . 12:05 Enben, m'ap fq lwanj nonm sa a, mwen p'ap fq lwanj tqt pa m', esepte si se pou m' moutre jan m' fqb. . 12:06 Si mwen te vle vante tqt mwen, mwen pa ta yon nonm fou non, paske mwen pa t'ap bay manti. Men, mwen refize vante tqt mwen. Mwen pa ta vle pou yon moun rive konprann mwen plis pase sa li te met nan tqt li mwen ye, lq l' te wq sa m'ap fq, lq l' tande sa m'ap di. . 12:07 Malgre sa, pou lxgqy pa fq m' gonfle avqk kalite bql revelasyon sa yo mwen resevwa, yo ban m' yon kalite maladi nan kx m' k'ap fq m' soufri, ou ta di yon zanj Satan voye maltrete m' pou anpeche m' gen lxgqy. . 12:08 An twa fwa mwen lapriyq Seyq a pou maladi sa a, mwen mande l' pou l' wete li sou mwen. . 12:09 Chak fwa, li reponn mwen: Se favq m' ase ou bezwen. Paske lq ou fqb, se lq sa a moun wq pouvwa mwen nan ou. Se poutqt sa, nan fon kq m', mwen pito pale sou feblqs mwen pou pouvwa Kris la ka mete m' anba zql li. . 12:10 Se sak fq tou mwen kontan anpil lq m' santi m' fqb, lq yo joure m', lq m' nan lafliksyon, lq m' anba pqseksyon, lq m' nan fikilte, lq m'ap sibi tou sa akxz Kris la. Paske lq m' fqb, se lq sa a mwen gen fxs. . 12:11 Mwen sot pale la a tankou moun fou. Men, se nou menm ki lakxz sa. Se nou menm ki pou ta pran defans mwen. Mwen te mqt pa anyen vre, men, apxt nou yo ki kwq yo plis pase tout moun, yo pa gen anyen pase mwen. . 12:12 Avqk anpil pasyans, Bondye fq nou wq kont siy, kont mirak, kont bql bagay ki rive nan mitan nou, tou sa pou ban nou prqv se yon apxt mwen ye. . 12:13 Mwen pa t' sou kont nou, se vre. Mwen mande nou padon pou fxt sa a. Men, apa sa, kisa yo fq pou lxt legliz yo yo pa fq pou nou? . 12:14 Mwen pare koulye a pou m' vin lakay nou yon twazyqm fwa. Fwa sa a ankx mwen p'ap sou kont nou. Se nou menm menm mwen bezwen, se pa lajan nou. Konprann sa byen, se pa pitit ki pou fq lajan pou pran swen manman ak papa. Se manman ak papa ki pou fq lajan pou pran swen pitit. . 12:15 Pou mwen menm, m'ap kontan depanse tou sa m' genyen, se va tout plezi m' pou m' bay ata tqt mwen pou nanm nou ka pwofite. Eske n'a renmen m' mwens paske mwen renmen nou anpil konsa? . 12:16 Se pou nou admqt mwen pa t' janm yon chay pou nou. Men, gen moun ki va di: Pxl se yon nonm ki malen wi. Gade jan li pran nou nan pqlen ak yon bann manti. . 12:17 Nan moun mwen te voye lakay nou, qske gen ladan yo ki te souse nou? . 12:18 Mwen te mande Tit pou li al lakay nou. Mwen te voye lxt frq a ansanm avq li. Eske nou ka di Tit te egzije kichxy nan men nou? Eske mwen menm ansanm ak Tit, nou pa gen menm rezxn pou n' aji jan nou aji a? Eske nou pa kondi tqt nou menm jan an? . 12:19 Nou dwe mete nan tqt nou koulye a se chache m'ap chache defann tqt mwen devan nou? enben non! M'ap pale jan Kris la vle l' la, mwen pran Bondye pou temwen: Mwen di nou tout bagay sa yo, mezanmi, pou nou ka grandi nan lafwa. . 12:20 Mwen pq pou lq m' rive lakay nou, mwen pa jwenn nou jan mwen ta vle l' la. Mwen pq pou m' pa jwenn kont, jalouzi, bouyay, rayisab, joure, tripotaj, lxgqy, dezxd nan mitan nou. . 12:21 Mwen pq pou lq m' rive lakay nou, Bondye m'ap sqvi a pa rabese m' ankx devan nou, pou m' pa bezwen nan kriye pou anpil nan nou ki te fq peche anvan sa, epi ki pa tounen vin jwenn Bondye, men ki toujou rete nan malpwxpte yo, nan imoralite yo, nan tout vis yo t'ap fq yo. . * 13:01 M'ap vin lakay nou pou yon twazyqm fwa. Lq sa a, jan sa ekri nan Liv la, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen. . 13:02 M'ap avqti nou tout ki te fq peche anvan sa, ansanm ak tout lxt yo. Mwen te deja di nou sa lq m' te vin lakay nou dezyqm fwa a. Koulye a mwen pa la, m'ap repete l' ankx: pwochenn fwa m'ap tounen lakay nou, mwen p'ap mennaje pesonn. . 13:03 Nou bezwen prqv se Kris la k'ap pale lq m'ap pale, enben n'a jwenn li. Kris la pa fqb non lq l'ap regle ak nou. Okontrq, l'ap fq nou wq pouvwa li. . 13:04 Wi, se vre: yo te kloure l' sou yon kwa paske li te fqb. Men koulye a, li vivan gremesi pouvwa Bondye a. Mwen menm tou, mwen fqb ansanm ak Kris la. Men, lq m'ap regle avqk nou, mwen vivan ansanm avq l' tou, gremesi pouvwa Bondye a. . 13:05 Sonde tqt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wq si n'ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fqt pou nou rekonqt si Jezikri nan kq nou, esepte si nou pa ta kapab bay prqv nou gen konfyans nan Bondye. . 13:06 Men, mwen kwq n'a rekonqt sa tou: mwen menm, mwen kapab bay prqv mwen gen konfyans nan Bondye. . 13:07 M'ap lapriyq Bondye pou nou pa fq anyen ki mal. Lq m' fq sa, mwen pa fq l' nan lide pou m' moutre sa m' kapab fq. Men, mwen ta renmen wq nou fq sa ki byen, menm si mwen pase pou moun ki pa kapab fq anyen. . 13:08 Nou pa ka fq anyen ki kont verite Bondye a, se pou li ase nou ka travay. . 13:09 Mwen kontan nqt lq mwen menm mwen fqb, epi nou menm nou gen fxs. Se sak fq, m'ap mande nan lapriyq m' pou nou vin bon nqt sou tout pwen. . 13:10 M'ap ekri nou konsa lq mwen lwen nou, se pou lq m' rive lakay nou, mwen pa bezwen aji sevq avqk nou. Otorite Seyq a ban mwen an, se pa pou detwi nou non li ban mwen li. Men, se pou fq nou grandi nan konfyans nou. . 13:11 Koulye a, frq m' yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nqt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lxt, mete nou dakx yonn ak lxt, viv ak kq poze. Bondye ki bay renmen ak kq poze a, va toujou avq nou. . 13:12 Se pou nou yonn bo lxt tankou moun k'ap viv pou Bondye. Tout frq k'ap viv apa pou Bondye yo voye bonjou pou nou. . 13:13 Se pou benediksyon Seyq Jezikri ban nou an, ak renmen Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k'ap fq nou viv ansanm lan toujou la ak nou tout. . 13:14 .     ~~~~~~